accueilActualitéArchivesCoup d'oeil sur le mondeEn bref

Nouvèl an kreyòl

Masak nan katye popilè Pon Wouj (Chansrèl)

Plizyè moun tonbe anba bal bandi ame, nan katye Pon Wouj (Chansrèl), kote bandi ame, sou lòd plizyè chef bandi, pami yo : Dimmy Cherizier alyas Babekyou, Iska (chèf gang Belekou), Micanord (chèf gan Waf Jeremi), Ti Junior (chèf gan Nan Chabon). Yo te anvayi, ak lòt bandi parèy yo, katye sa a, kote yo touye anpil moun ak mete dife nan plizyè kay ak machin. Operasyon asassen sa a te rive, jou ki te dimanch 24 me a, kote otorite lapolis pa fè anyen pou anpeche bandi sa yo touye abitan inosan k ap viv depi plizyè lane nan zòn sa a. Gwoup bandi sa yo debake ak gwo zam, pou te ale plase yon chef gang ki rele « Kobi », nan katye sa a, kote bandi sa yo rive pran kontwòl tout katye sa a, menm lopital matènite a (Chansrèl) sou kontwòl bandi, san okenn reyaksyon otorite yo.

 FIFA mete Dadou akote pou 3 mwa

Akòz akizasyon abi seksyèl sou jèn ti moun nan sant Kwadèboukè a, yo te pote sou Yves Jean Bart, ki se prezidan Federasyon Ayisyen Foutbòl la, nan 2 atik ki te sòti nan yon jounal ki pòte non: «The Guardian», nan yon nòt ki date lendi 25 me, FIFA di li sispann pou 90 jou, Yves Jean Bart. Desizyon sa a pwovizwa, an atandan yo mennen ankèt sou dosye akizasyon an. E, dapre nòt la, desizyon sa pran, konfòmeman ak atik 84 e 85, kòd etik chanm envestigasyon komisyon etik endepandan an.

 

Jovenel Moïse gen foli eleksyon

Malgre tout pwoblèm sa a ke peyi a ap pase, kote kamyon ensekirite a ap touye moun nan tout kwen peyi a, kounye a tou, ak pandemi kowona a ki ap fe dega nan peyi a, pouvwa an plas la gen yon foli eleksyon ki monte nan tèt li. Pouvwa an plas la, pa vwa Claude Joseph, ki se chanselye Ayisyen an, ale mande Konsèy Pèmanan Oganizasyon Eta Amerikaen (OEA), pou vini pote sekou pou reyalize eleksyon chanpwèl, malatyon, nan peyi Dayiti. Chanselye Claude fè konnen ke prezidan Jovenel Moïse detèmine e gouvènman li an deside pran tout mezi ki nesesè pou òganize eleksyon yo. Nan sans sa a, li mande api towo nan OEA yo, pou rive fè sa.

 

Mache Shadda a boule rapyetè

Dimanch 24 me, yon gwo dife boule mache Shadda a, nan Petyonvil. Anpil machandiz ak materyèl boule. Dega yo anpil, selon sa machann ki pèdi machandiz yo fè konnen. Dife sa a ta rive akòz fatra ki t ap boule tou pre mache a, kote van ki t ap soufle ta pran flanm lan, pote l nan mache a. Mesye ponpye yo kite rive twò ta, pa t rive fè anyen pou dife a.

 

Fòs Lame Dayiti

Pou konbat pandemi kowonaviris la an Ayiti, mesye Fòs Lame yo lanse yon operasyon netwayaj ak dezenfeksyon nan plizyè zòn nan kapital la, Pòtoprens. Selon chef lame a, operasyon an ap fèt pou kwape maladi a, kote plis pase 958 moun gen tan kontamine an Ayiti. Yon lòt bò, otorite yo mete ministè Fanm lan an karantèn, akòz 2 ka maladi COVID-19 la yo ta sispèk ladan l. Eddy Jackson Alexis, sekretè deta Kominikasyon an, deklare ke Leta ap pran an chaj tout moun ki enfekte nan maladi COVID-19 la, gratis. Li mande pou popilasyon ayisyèn lan kenbe tout konsiy otorite yo di yo, pou kwape maladi a.

 Majistra komin Kafou a pale

Jude Edouard, ki se majistra nan komin kafou ki trouve li nan sid kapital la, Pòtoprens, fè konnen li gen pwoblèm pou jan maladi kowonaviris la ap monte ak fòs nan komin li a. Li deklare ke dènye rapò otorite bay 30 ka nan gwo komin li a. Nan sans sa a, li mande otorite Lajistis ak Lapolis pou bloke pil ak pakèt bwat lanwit ki toujou kontinye ap fonksyone, san kè kase, nan komin lan. Li fè konnen nay klèb yo ak aktivite pisin k ap fèt nan komin lan, kontinye ap rasanble pil ak pakèt moun, nan je otorite yo. Majistra a ap sipliye moun yo pou respekte prensip yo, pou anpeche maladi a vale teren nan komin Kafou. Dapre dènye statistik yo, komin Potoprens, Delma, Petyonvil ak Taba, se la maladi a plis ap taye banda.

 Grèv nan lopital jeneral

Eske w konnen Sèvis nan Lopital Univèsite Leta Dayiti (HUEH) pa p fonksyone, nan moman sa a, akòz genyen medsen rezidan ki pè pou yo pa kontamine nan maladi kowonaviris la. Pou piti, gen medsen rezidan nan òtopedi ki rete ap tann rezilta tès nan Laboratwa Nasyonal, dapre sa responsab sèvis la fè konnen, ki se Doktè Philippe Desmangles.

Emmanuel Saintus

Related Articles

Check Also

Close
Close
%d bloggers like this: