accueilActualitéCoup d'oeil sur le monde

«Li lè pou n vanse»

Se byen domaj, nan kontèks jeyopolitik n ap viv, jounen jodi a, okenn peyi sou latè pa ka pèmèt tèt li koupe fache ak sa yo rele gouvènans, nan syans politik, kit li bon, kit li pa fin bon nèt.   Sitou, lè nou konstate lakay, jan politik fin dekonstonbre ak demantibile peyi nou.

Pwoblèm politik te toujou egziste tout kote, depi moun te komanse wè nesesite pou regwoupe yo pou yo viv an sosyete, nan idantifye yon seri valè ak enterè ki pwòp a yo menm.  Konsa, menm lè yo pa toujou wè bagay yo menm jan, sa ki pi enpotan, se rive, omwens, mete yo dakò sou pwen divèjans yo, pou ansanm, yo vanse.  Malerezman, se sa ki pi difisil, pou m pa di enposib, lakay Ayisyen. Men, sa pa dwe etone m, lè n konsidere nan ki kondisyon nou te rive fonde peyi sa a, nou rele Ayiti, ki pa janm rive konstwi tèt li kòm yon Leta, kòm yon pèp ak kòm yon nasyon, alevwa pou yon Leta-nasyon.  Rezon an byen senp, sèke se te yon alyans ki te gen pou wè ak garanti pwòp enterè milat yo. Menm si yo te mete ak esklav yo pou te mennen kokennchenn evènman 1804, kote nou te deklare nan figi pisans kolonyalis ak rasis ki te vle kenbe n nan jouk, sou sistèm eksplwatasyon ak kraze zo ki te la avan endepandans nou an, nan tèt yo, li te plis nan avantaj yo pou yo mete ak esklav yo pou degèpi kolon blan yo, pou yo pran plas yo.  Dayè, se premye kòz lanmò Anperè Desalin.  E se reyalite sa a n ap viv depi aprè konplo asasinay  17 oktòb 1806 la.

Ipokrizi ak trayizon sa a, se premye gwo zak mefyans ki te mete dozado branch milat ki konpoze nasyon ayisyèn lan, ki pa plis ke 10% men ki gen 90% richès peyi a, ak mas nèg ak nègès k ap viv nan kras.  Mwen te byen kontan wè doktè Reginald Boulos, youn nan gwo benefisyè politik pese souse sa a ki ap toupizi pèp la depi 209 lane, rekonèt reyalite sa a.  Èske sa ta vle di li pare pou l sakrifye orijin li ak enterè klas li pou l eseye altènativ twazyèm vwa a, jan li rele l la, pou peyi a vanse tout bon vre?  Sa, se sèl li menm ak Bondye nan syèl la ki konnen l.  Paske, si gen yon bagay ki sèten, sè ke klas politik tradisyonèl la, elit san klas ak boujwazi pèpè nou gen la a, yo echwe.  Li lè, li tan, pou n chanje fizi n zèpòl, pou n eseye yon lòt bagay.  An n di tèt nou, nou ta deside bay yon amnisti jeneral a tout malfektè ki mennen peyi a nan twou kote li ye jounen jodi a, men egzije yo pou yo rann kont de jesyon yo, san pèsekisyon politik, ki t ap dispozisyon yo pou yo kolabore ?  Jounen jodi a, m panse pawòl pa sifi pou n sove peyi a.  Mwen panse nou bezwen bòn volonte, bòn fwa, bon atitid, bon konpòtman, byenveyans, entegrite, konviksyon, konpetans, santiman nasyonalis ak patriyotis, si nou vle vanse sou chimen demokrasi ak pwogrè tout bon vre.  Men, pou sa rive fèt, nou bezwen yon lòt jenerasyon gason vanyan ak fanm ki djanm, ki dakò pou mete lòd nan dezòd, ki deside remete enstitisyon repiblikèn yo kanpe, pou kwape kòripsyon ak enpinite.

Se poutèt sa, mwen ekzòte tout jenn fanm ak gason ki anvi fè politik tout bon vre, ke se pa pou n dechèpiye peyi a, jan sa ap fèt jounen jodi a, plis pase nenpot kilè avan. Men pito, nan lide pou yo sèvi peyi yo, nan pote ti kontribisyon pa yo, nan janjman n ap tann lan, depi apre zak malonèt asasinay Anperè Desalin lan. Yo ta dwe pran tan ak san yo, pou yo byen chèche konnen Istwa peyi n lan.  Se sèl fason pou nou konnen kiyès nou ye tout bon vre.  Kote nou sòti? Tray nou pase? Ki direksyon nou ta dwe pran, si nou vle rive ansanm kote zansèt nou yo pa te menaje vi yo ak fòs kouray yo, pou n te ka sèvi bonjan egzanp pou tout lòt pèp sou latè ki ap goumen pou moun pa sèvi restavèk moun okenn kote sou latè ?  Fòk nou pa janm bliye, tankou lòt la te di l: «Istwa, se yon rekòmansman san fen.»  Menm jan yon lòt te reponn li, pou l di l: «Si w pa konn istwa w, ou kondane pou toujou reviv menm tentennad yo.»  Kidonk, si nou pa vle chak 1, 2, 3, 4, 5 lane, menm lòbèy yo (politisyen magouyè ak soufrisken, elit entèlektyèl restavèk, boujwazi pèpè, malonèt ak manfouben, lepèp maryonèt) rebondi nan figi nou, fòk nou chanje fason n ap anvizaje rezoud pwoblèm peyi a.  Si nou chita n ap betize, n ap bamboche, si nou pa pran kouraj nou, ak de men, pou n fè travay memwa ak edikasyon popilasyon an, nou pa p janm vanse sou chimen chanjman nan peyi a.

Youn nan gwo tonton poto mitan reyalite chak jou lavi yon pèp, mache men-nan-men ak kilti l, pandan l ap fè edikasyon tèt li epi adapte l ak evolisyon mond lan, pa rapò ak pwogrè syentifik, teknolojik ak teknik ki ap realize toupatou sou latè.  M garanti nou, tout tan nou pa pran desizyon pou nou panse a fè yon peyi tout bon, sou baz pwogrè ak devlopman, 200 zan ap pran nou ankò nan menm simagri nou ladan lan, depi pase 209 an, e nou p ap fè wonn pòt.  Kidonk, li lè, li tan pou nou deside fè yon lòt bagay.  Yon lòt bagay kote nou deside nou fin chèche tèt nou, pou nou rankontre ak pale youn ak lòt, sou gwo defisi bòn gouvènans ki ap ravaje n, sa fè lontan.  Yon lòt bagay, kote nou rive dekouvri idantite n tout bon vre, nan aprann konnen kiyès nou ye, kote n soti, kote n vle ale. Yon lòt bagay, ki pa depaman ak Pwojè 1804 la, pi gwo Rèv ayisyen, lè n te deside kase, tout bon vre, chenn lesklavaj, men pa sèlman chenn nan pye ak nan kou, men tout chenn nan lespri n, ki, jounen jodi a, anpeche n avanse sou chimen tèt ansanm, ki kap mennen nan estabilite politik, ekonomik ak sosyal, kondisyon nou pa ka evite, si nou vle mete n sou ray pwogrè ak devlopman.

Pinga nou janm bliye, 1804 se te pi gwo mesaj ras nwa a te ka voye bay limanite kolon blan an ki te retire diyite yo tankou moun : « moun pa dwe viv nan restavèk, kèlkeswa fason an e pou kèlkeswa rezon an.  Moun pa fèt pou eksplwate moun, ni fè moun fè travay fòse.  Moun pa dwe pase anban pye, onè ak diyite moun.  Pa gen moun ki pi moun pase on lòt moun, ni pase tout moun.  Moun gen dwa pou l viv ak travay nan diyite, pou l fè tèt li plezi, viv byen, depi l respekte lalwa ak dwa lòt moun. »

Mesye dam politisyen, swadizan elit entèlektyèl ak boujwa, sosyete sivil ak otorite relijyez, kominote entènasyonal, sitou sila yo ki rele tèt yo «  Kòw Gwoup »  oubyen Peyi Zanmi Ayiti, kisa n itil peyi a nan sa ki gen pou wè ak jèfo pou nou sòti nan katyoumboumbe nou ye, jounen jodi a ? Abraam di sètase ! Li lè li tan pou nou bay peyi a yon chans. Yon chans, pou nou mete tèt nou ansanm, pou n mache men-nan-men, koud-a-koud, pou nou rebati peyi n. Yon chans, pou n ka kanpe gade kèlkeswa peyi a nan je, pou nou di yo, nou ka pa gen gwo resous, men nou pa pòv, ni nonplis mizerab e nou gen diyite. Yon chans, pou n reprann dwa grandèt nou, kòm pèp ak nasyon yo pa t charite endepandans li. Yon chans, pou n pran responsablite desten n. Yon chans, pou n bay timoun nou yo bonjan egzanp diyite, moralite, konviksyon koyerans, entegrite ak diyite. Yon chans, pou n aprann yo ke, chita tout lasent jounen, grate santi, pa p mennen n okenn lòt kote ke kote nou ye, jounen jodi a. Yon chans, pou n pèmèt yo konprann, kilti ak kwayans pa gen okenn enpòtans, si yo pa rive makonnen ak lasyans. Yon chans, m redi l ankò, pou n eseye on lòt bagay ak yon lòt jenerasyon politisyen, elit entèlektyèl ak ekonomik ki vle peyi a vanse tout bon vre.   Eske n pa realize sa n ap fè d epi apre 17 oktòb 1806 la, pa bay rezilta?

Li lè pou n pran konsyans, pèp la fè twòp tan ap soufri nan mizè ak nan kras.  Pèp la fè twòp tan ap viv nan inyorans ak malsite, tout kalte.  An nou deside n pou nou fè yon lòt bagay.  Li lè, li tan pou nou realize, lè w pral yon kote w pa fin twò byen konnen, epi lannwit bare w, avan w anfouraye, fòk w gen kouraj pou w kanpe.  Kanpe !  Si gen moun k ap pase bò kote w, mande enfomasyon pou w ka konnen kote w ye.  Kanpe, pou w reyoryante w.  Si, malgre sa, w wè w pèdi pi rèd, chèche yon kote w pase nwit lan.  Epi, byen bonè, si w pa vle pèsonn konnen afè w, kou l fè jou klè, repran wout ou, lè w fin byen oryante w.  Pa kite pèsonn entimide w, manipile w ni kontrarye w.  Se sa ki pi fasil lè w pèdi.  Pa pè mize nan wout!  Men rete konsantre sou kote w prale a, evite distraksyon pou w pa pèdi wout ou, yon lòt fwa.

Kidonk, men-nan-men, koud-a-koud, nan tèt ansanm, nèg nwè ak milat, pòv ak rich, malere ak grannèg, nèg lavil ak nèg andeyò, moun anwo ak moun anba, Timalis ak Bouki, moun eklere ak gwo soulye, Ayisyen anndan ak Ayisyen deyò (dyaspora) an nou deside fè yon lòt bagay.  An nou pa kite yo itilize n ak manipile n ankò, drese nou, youn kont lòt, pou n kraze pwòp peyi n, detwi pwòp frè n ak sè n… Lòt bagay sa a pa anyen ke yon lòt Ayiti, sou baz chimen zansèt nou yo, ak Anperè Jan Jak Desalin te trase pou nou. Ayiti nou tout toujou reve a, Ayiti kòd lonbrik nou antere ladan l lan, Ayiti ki se sèl kote tout Ayisyen, kèlkeswa kote yo ye sou latè, santi yo byen an, menm lè sa pa fin twò bon lakay.

Jean Camille Étienne

Cray.

 

 

Related Articles

Close
%d bloggers like this: