accueilActualitéCoup d'oeil sur le monde

Kreyòl Ayisyen nan Kiba

Sa pa fè lontan, nan Laavann, yo prezante yon liv Isabel Martinez Gordo: «Kreyol Ayisyen nan Kiba». (Contactos Linguisticos caribeños en Cuba, El creol de Haiti).

Haiti Progrès te fè yon chita pale ak Martinez Gordo, ki chaje ak enfòmasyon sou sitiyasyon lang Kreyòl la, nan zile sa a.

Martinez Gordo te pran diplòm li nan lengwistik e te kòmanse travay nan Enstiti Literati ak Lengwistik nan kapital kiben an. Dirèktris enstiti a, Doktè Mirta Aguirre, te ba l, kòm premye devwa, pou li etidye lang ayisyen ak desandan ayisyen ap pale nan Kiba. Nan ane 70 ak 80, nan syèk pase a, pa t gen anken kontak ant Kiba ak Ayiti ankò. Pa t gen ni telefònn, ni lapòs, ni relasyon diplomatik, ni komèsyal. Ayiti, a 70 kilomèt de Kiba men, se te kòm si Ayiti te nan yon lòt planèt.

San pèdi tan, Martinez Gordo te chèche enfòmasyon sou Kreyòl la, nan tout gran bibliotèk Laavann yo, men li te jwenn yon sèl grenn tòm yon liv Jules Faine sou li.

Kidonk, li te chèche èd nan men 2 Ayisyen nan Kiba ki te pi selèb nan epòk sa a: Grann dam chantè ayisyen an, Martha Jean-Claude ak powèt e ekriven, René Dépestre.

Martha te ankouraje l, men pa t gen anken dokiman ki ta ka ede l. Dépestre te mande: «Pouki sa pyès moun vle ekri nan lang sa a ?»

Anfen, Martinez Gordo te vizite Radyò Laavann Kiba k ap transmèt an Kreyòl, depi 1962. Lionel Vieux te akeyi l de bra louvri. Vieux te mande profesè ayisyenn, Adeline Chancy, ki te Monreyal lè sa a, pou li voye liv ak dokiman sou Kreyòl la bay Martinez Gordo. Konsa, jenn kibèn lan te ka kòmanse travay tout bon vre.

Avan revolisyon 1959 la, avan diktati Divalye a, te gen anpil echanj ant de peyi yo, de pèp yo. Atis kiben, tankou Omara Portuondo, te chante Potoprens e okès ayisyen te konn ale Kiba. Sepandan, gwo vag travayè karibeyen te sispan rive nan zile a, nan fen ane 20 yo.

Majorite imigran ayisyen t ap travay nan plantasyon sik ou byen nan rekolt kafe. Men depi revolisyon an, edikasyon, sante gratis pou tout moun ak lit kont diskriminasyon ak rasis, Ayisyen yo ak desandan yo te gen posibilite yon lavi miyò nan lòt kote, e kominote ki te femen yo te kòmanse louvri, epi disparèt.

Kidonk, kote Ayisyen yo te ye? Yo te vin plis gaye nan tout peyi a. Martinez Gordo te chèche èd nan Ministè Edikasyon an. Annefè, gen Ayisyen toupatou nan Kiba, sof nan Pinar del Rio, nan lwès zile a ki se kote ki pi lwen Ayiti.

Men sa fè 50 tan nan Kiba moun pa t rele kreyòl «kreyòl» ankò. Yo te rele li «patwa». Anpil moun pa t vle admèt yo konn pale kreyòl. Yo pa t pale kreyòl ak pitit yo.

Etid nan chan Martinez Gordo te fè lè sa a, te demontre ke kreyòl la te kòmanse pèdi pye nan Kiba.

Jounen jodi a, sitirasyon an evolye. Depi 1996, Ayiti ak Kiba retabli relasyon diplomatik. Depi 1998, plis ke 500 medsen, enfimyè ak lòt pesonèl medikal kiben, ap rann sèvis ann Ayiti, kote yo sove lavi dè santenn milye moun. Kiben sa yo retounen Kiba, a tou de wòl, sa fè ke, kounye a, yo pale kreyòl tou.

Asosyasyon desandan ofri kou pou aprann lang la. Gwoup foklorik yo vin pi solid, e gen sa ki vin profesyonèl ak gwo kalite, tankou gwoup vokal Desandan ki etidye chante tradisyonèl ayisyen yo.

Dekouvri yo, dekouvri kopi ansyen chante kreyòl LAS TUMBAS FRANCESAS, plizye gwoup ki chante an kreyòl nan plizye provens nan lès Kiba. Met sou li: manm Las Tumbas Francesas LA CARIDAD DE ORIENTE de Santiago de Cuba, te bay Martinez Gordo kopi chante yo, kote li fè yon analiz lengwistik e te tradwi yo ann panyòl. An 2003, UNESCO te deklare Las Tumbas Francesas, patrimwann limanite a. Se premye zèv kiben oral e imateryèl ki resevwa tit sa a. Se yon zèv kiben ak ayisyen ansanm. Nan liv Martinez Gordo a, w ap jwen dokiman sa a ki gen yon lèksik ak foto tou.

Kreyòl, se yon lang natif natal Karayib la, ki gran moun. Gen plis ke 13 milyon moun nan rejyon an ki pale l ni nan zile kote Lang fransè ou anglè ofisyèl. N ap raple, an Ayiti, fransè ak kreyòl se de lang ofisyèl. Nan konklizyon yo, Martinez Gordo afimen KARIKOM te dwe adopte kreyòl bò kote anglè ak panyòl kòm lang ofisyèl k ap ede inifye reyjon an. Li ta rann onè rèspè bay yon lang pèp karayib yo kreye.

Anna Kovac

Haïti Progrès

Related Articles

Close
%d bloggers like this: