accueilActualitéCoup d'oeil sur le mondeEn brefNewsreel

Atak Moncada: Anbasad Kiba an Ayiti onore memwa Fidel Castro

«M ap fini pledwaye m nan yon mannyè ki pa twò komòd pou sèten majistra, m pa vin mande pitye tribunal la. Kòman m ta fè sa, pandastan konpayèl mwen yo ap sibi yon kaptivite lawont nan zile  Dèpen? Mwen vle sèlman mande pèmisyon pou m al jwenn yo, paske li nòmal pou moun de valè ap kwoupi nan prizon oubyen ansasinen nan yon repiblik kote se vole ak kriminèl k ap dirije. Kondane m, sa pa gen okenn enpòtans.  Listwa ap banm rezon” pawòl Fidel Castro Ruz nan moman pwosè l pou atak avòte gwoup revolisyonè li t ap mennen nan dezyèm vil peyi Kiba, Santyago. Se yon atak ki te fini pa yon echèk pou rebel yo nan komansman lit pou retire peyi Kiba anba grif enperyalis meriken ki t ap fè e defè nan peyi Kiba, nan lane 1953.

Se ak diskou lidè Maksimo a, Fidel Castro, anbasadè peyi Kiba a an Ayiti, M. Luis Castillo Campos, te louvri ekspozisyon foto ak deba sou lavi Fidel Castro, jounen jedi 4 jiyè 2018 la, nan okazyon anivèsè deklanchman batay pou libere pèp kiben an nan dat 26 jiyè 1953, nan 2zyèm vil peyi a, Santyago de Kiba, anba grif dictatè Batista ki te jwenn apui enperyalis meriken nan epòk la.  Anbasadè a mete aksan sou wòl potorik gason Fidel Castro te jwe nan lit sa a pou te akouche ak revolisyon kibèn an nan lane 1959.  Selon diplomat la, absans yon nonm tankou Fidel t ap yon gwo mankman pou revolisyon an. San pèdi tan, anbasadè a te koupe riban pou louvri ekspozisyon foto ki imòtalize kèk moman enpòtan nan lit pou revolisyon kibèn lan.  Diplomat la te eksplike sans ak enpòtans chak foto genyen, nan epòk revolisyon an. Swit ak vizit gide ekspozisyon foto a, yon seyans deba te òganize, kote ekonomis, òm politik responsab pati politik Kan Pèp la, pwofesè Camille Charlemers, te fè yon ekspoze sou lavi Fidel Castro. Entèvenan an pa t manke fè lwanj pou kalte gason total Fidel te ye pandan ekzistans li.  Li pwofite remèsye ansyen lidè a pou revolisyon sa a li te bay peyi Kiba. Peyi l Ayiti benefisye atravè kèk pwogram zanmitay 2 peyi yo tabli pou elimine inyorans ak simaye laswenyaj toupatou nan peyi a, pandan plizyè lanne. Li souliye admirasyon Fidèl te genyen pou travayè ayisyen ki t ap travay nan chan kann papa l. Souvandfwa lè fanmi an sou tab ap manje, Castro te santi l pi alèz nan chan kann yo ap manje mayi boukannen ak travayè ayisyen epi tonbe koze pou konnen ki van ki mennen yo vin koupe kann nan peyi Kiba.  San pèdi tan, entèvenan an rapòte Castro pa t pran tan pou akòde tout koupèd kann ayisyen yo nasyonalite kiben bonè bonè, lè revolisyon an triyonfe. Camille Charlemers fè konnen kontribisyon Fidel Castro nan batay pou kapote diktatè Batista nan tèt peyi a ak konbat sistèm ki t ap bay diktati a jarèt la, te anpil. Li mete aksan sou gwo vizyon lidè Maksimo a te genyen pou konstui yon sosyete pi jist, kote tout moun ap viv byen. Selon entèvenan an, gen 2 revolisyon ki fèt nan basen Karayib la, ki chanje lòd mondyal la. Li vle pale de Viktwa ansyen esklav Sendomeng te fè sou kolon ewopeyen yo pou te kreye premye repiblik kote se nèg Lafrik k ap gouvène,  sa po t ko janm fèt sou latè, ak revolisyon Kibèn lan, kote yon pitit boujwa, moun eze, chwazi trayi klas li pou goumen pou chanje lavi mas defavorize yo epi rive kenbe fas ak pi gwo pisans militè ekonomik mond lan, pandan yon mwatye yon syèk.

Anpil kesyon te poze sou avni revolisyon an, fas ak menas enperyalis la ki pa janm sispàn simen pikankwennan sou wout revolisyon an.

Jean Baptiste Genson

 

Related Articles

Check Also

Close
Close
%d bloggers like this: