Sant kiltirèl pou Edikasyon anvironnmantal kominotè Kibanikèl

Sant kiltirèl pou Edikasyon anvironnmantal kominotè Kibanikèl

Moa, 26 fevriye 2010
Timoun, adolesan, jèn Ayisyen frè n yo:

Depi lè katastwòf la pase sou peyi d Ayiti a, nou menm nan Kiba nou te rete atantif ap swiv evennman yo. Menm si kò nou tout pat la sou tè d Ayiti, men nou gen paran, kouzen, zanmi, mèt lekòl, doktè ki te la depi avan dezas natirèl la, k ap bay lasante ak ledikasyon, de gwo bagay kretyen vivan bezwen pou l kapab vrèman itil.
    Nou menm nou fèt nan yon peyi sosyalis: pandan n ap grandi, yo aprann nou fè solidarite ak tout pèp sou latè beni. Se sa Apot Jose Marti Pérez vle di lè l ekri fraz sa a: « Patri nou se tout kretyen vivan». Se sa ki fè nou vle voye powèm, kont, desen bay frè nou yo nan peyi d Ayiti. Nou kwè ke yo menn tou, kote yo ye lot bò a, y ap voye èv pa yo ba nou bò isit, pou nou kapab montre ekpozisyon nan galeri kominal, oswa fè echanj kiltirèl, kote nou kapab bwase lide sou tout sa nou ta renmen ki fèt ansanm nan lavni. Sou chèn televizyon MOATV, nou kapab montre travay ayisyen ap fè, epi sou antènn radyo lokal « LA Voz del Niquel », nan espas direksyon pwogramasyon an ak lòt enstitisyon yo rezève pou nou an, n ap li pwezi ak kont sa yo. Nou deja mete yon paj WEB ECOARTE nan dispozisyon ti frè ak ti sè ayisyen yo.
    Nou menm bò isit, nou pwal konsakre nan non pèp ayisyen tout aksyon kominotè ak edikasyon anvironnmantal ki gen pou fèt nan rès ane eskolè a, e menm sa k ap fèt lane pwochenn. Se sa ki fè, 22 mas, jou mondyal dlo, n ap plante mil pye bwa nan tèt rivyè Moa. Sòti 19 pou rive 22, nou pwal fè lòt aksyon kominotè pou n plede kòz bon lizay dlo, avèk patisipasyon aktiv e konsyan tout kominote minyè a. Aksyon sa a rele: « Moa, annavan pou n defann kòz dlo ».
    Nou voye ban nou tou adrès imèl nou. Se: cceac@cubaniquel.moa.minbas.cu. Nan adrès sa a, èv ti Ayisyen yo ap rive jwenn anpil moun sou latè beni, prensipalman timoun, adolesan ak jèn ki ap viv sou tè kiba. Men adrès kote pou nou voye lèt ak lòt dokiman: Carretera Moa- Sagua Km. 1 1/2, Moa, CP 83 330, Holguin, Cuba. Telefonos: (53) (24) 60 8283, 60 6602 60 8276. Fax : (24) (53) 60 2156, 60 2201.
    Nou gen yon pwogram ki rele ECOARTE. Li fèt soti pran « Premio Nacional en Página Web del Concurso Gilberto Caballero”. Lespri solidarite ki nan kè nou fè n konsakre pri sa a nan non tout timoun, tout adolesan ak tout jèn Ayisyen. Nou fè sa nan non Pwogrann Kominotè ak nan non Misyon Kibèn Solidarite k ap travay nan peyi d Ayiti depi lontan.
    Pandan n ap tann repons lèt sa a, nou voye yon gwo salitasyon pou ti konpayèl Ayisyen nou yo.
    Se Timoun, Adolesan ak Jèn Pwogram Edikasyon Anvironmantal Kominotè Kibanikel Moa.

Home          English          Espagnol                     Contactez-nous:editor@haiti-progres.com